**Toujou nan ribrik konesans plis nou pral pale w kijan pou nou pwoteje tèt nou nan ka yon gè nikliyè*
Yon gè nikliyè se kote y ap itilize zam nikliyè (zam atomik). Jan de zam sa yo koze gwo dega sou anviwònman ak sou lavi kretyen vivan pandan plizyè dizèn ane oswa pandan plizyè syèk. Nou gen kòm Egzanp: " Chènobil nan peyi Ikrèn ,HIROSHIMA ak NAGASAKI nan peyi Japon ". Si w pi lwen eksplozyon an , li pi bon paske w ap gentan kouri al chèche yon abri ( BUNKER) . Ant 15 a 30 minit aprè eksplozyon an ou dwe gentan chèche yon abri nikliyè paske gen anpil radyasyon . Radyasyon sa yo se tip Gama, se Li ki pi danjere .
Nan premye 30 minit la, lave je w benyen ak dlo cho. Nan moman eksplozyon an kouche atè epi ouvè bouch ou pou tenpan ou pa pete . Nan 45 minit retire kò w nan direksyon van k ap vini ak gwo nyaj radyasyon. Si pa gen abri nikliyè , chèche yon kay ki solid ou antre epi fèmen tout pòt ak fenèt pa kite yon ti kote pou lè pase.
Pa manje anyen ki dekachte oswa fwi ki pa t nan frijidè. Lè sa , se pwodui anbwate ki t ap pi bon pou manje paske yo pa gen kontak ak deyò. Enfòmasyon sa yo sòti nan INSIDER, AMPFGN, IRSN ak nan entèvyou ak Mesye Abraham Behar ki se prezidan asosyasyon medsen fransè pou prevansyon kont gè nikliyè. Se te Zanmi ansyen sòlda epi enstriktè self defense nan modalite Hapkido. Pataje l ak lòt moun pou n sove lavi lòt yo. OSSU !!!

No comments:
Post a Comment